AYITI/POLITIK: FÒS SENDIKALIS POU SOVE AYITI (FOSSA)DEKLARE LI PAP KONPLIS NAN MOVÈZ GOUVÈNANS PREMYE MINIS ARIEL HENRY

Fòs sendikalis pou sove Ayiti kritike fason premye minis Ariel Henry ap mennen bak peyi a nan fèmen jel sou kriz gaz, ensekirite, depòtasyon migran Ayisyen yo pa pil ma makòn nan peyi a.

Daprè deklarasyon Youn nan reprezantan (FOSSA),Jaques Anderson Desroches, yo pa nan akò anba tab premye minis Arriel Henry a pibliyel nan jounal ofisyèl peyi a.

Se konplo premye minis la ak Etazini pou depòte migran yo daprè(FOSSA), akoz premye minis la te fè deklarasyon sa kote li Di,li prè pou resevwa konpatriyòt ayisyen yo.

Nan sans sa, Fòs sendikalis lanse Yon mouvman leve kanpe, epi bay premye mini Ariel Henry Yon iltimatòm vendredi 24 septanm 2021, pou rezoud tout pwoblèm nou sot site la yo.

Tout fwa chef gouvènman pa tande la rezon, (FOSSA) anonse lendi 4 oktòb 2021 kap vini la,se ap Yon grèv avetisman jeneral sou tout peyi a,nan lide pou fòse premye minis la ak kominote entènasyonal la, konprann sitwayen ayisyen yo gen dwa pou yo viv tankou tout moun.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …