Gwoup Petro-Challenger Noukonsyan yo, denonse tout fòm zak represyon kap fèt sou moun kap manifeste nan lari a yon mannyè pou derasinen pouvwa an plas la// nan kad yon chita pale ak laprès jounen jedi 26 septanm 2019 la
Bens Cadet responsab selil kominikasyon « noukonsyan » an nan entèvansyonl envite popilasyon an foule beton nan gran jounen mobilizasyon pou deboulonnen prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki daprè li se meyè fason si nou ta vle jistis fèt sou masak ki te fèt sou moun lasalin yo epi pwofite pou di avèk prezidan an plas la moun ki te gagote lajan petwo karibe yo pap anba kòd
yon lòt bò John latortue youn nan manm selil kominikasyon estrikti sila, fè konnen se avèk anpil kè sere li tap tande diskou prezidan repiblik la poul te adrese ak nasyon an kote li te atann chèf leta nasyon an tap fè yon panche sou ansanm skandal koripsyon kap site andedan peyi a chak jou ki jou men se pa sa ki arive fèt nan sans sa li mande popilasyon an pou monte barikad yo pi wo epi fè konnen manifestasyon kap fèt yo pap nan koze branch se chak moun jere blòk yo
Pou fini manm estrikti sila yo mande pou nati a ba yo chans pou solèy la leve nan nivo petyonvil pandan jounen mobilizasyon sa.
Otè:Anderson PHEBE.