AYITI/POLITIK: JUDE CÉLESTIN SOTI NAN SILANS LI POU KORE TOUT MOUVMAN KI VIZE CHAVIRE JOVENEL MOÏSE SOU POUVWA A.

Jan anpil sektè nan opozisyon an ap anonse manifestasyon pou mande Jovenel Moïse fè zèl li sou pouvwa a

Se ka pa kounya ansyen kandida la prezidans lan mesye Jude Célestin ki anonse yon mesaj sou paj facebook li ayè jedi 26 septanm 2019 la, ke li apiye tout mouvman ki vize kwape epi arete Jovenel Moïse sou pouvwa a, ki jiska prezan pap regle anyen pou rive amelyore sitiyasyon pèp la

Pilwen Poulen ansyen prezidan René Graçia Préval la ,fè konnen lè a rive pou kondisyon la vi moun nan peyi sa chanje paske twop moun ap soufri nan mizè

Yon lòt bò mesye Jude Célestin rete kwè ke batay kap fèt la se batay tout militan konsekan, se pa batay nèg anwo kont nèg anba,se batay tout viktim lasalin yo epi se batay pou enplike inivèsite a

Pou fini Ansyen kandida malere a anonse lap toujou sipòte kelkeswa mouvman ki vize dechouke Jovenel sou pouvwa an plas la men fok se yon batay ki fèt san kraze brize

*Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …