AYITI/POLITIK: LAPRIMATI PIBLIYE FOTO TOUT REPREZANTAN PATI POLITIK KI SIYEN AKÒ A EPI NAN YON BAT JE FOTO A EFASE SOU TWITTER  AK FACEBOOK

Yon akò politik ant premye minis ayisyen an, Ariel Henry ak kèk reprezantan pati politik ak sosyete sivil jounen samdi 11sektanm 2021 an. Touswuit apre akò a fin siyen, laprimati pibliye foto sinyati tout reprezantan ki te siyen epi apre yon bat je foto a siprime sou facebook  ak twitter._

Laprimati efase foto sinyati reprezantan pati politik ak sosyete sivil ki siyen akò politik »istorik »la. Yon aksyon ki pa pase inapèsi nan je anpil entènòt.

Touswit apre foto a fin siprime sou kont facebook  laprimati a ak kont twitè li a gen anpil reyaksyon twibòpabò bò kote entènòt ayisyen yo.

Daprè anpil moun, si akò a « istorik » jan biwo kominikasyon laprimati a fè konnen an poukisa gen yon foto ki fin pibliye epi li siprime nan yon bat je ?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …