Apre gwo gwo konfli ki te eklate ant Ansyen Senatè Moïse Jean Charles ak ansyen kòlèg li ansyen senatè Nenel Cassy anvan manifestasyon ki te prevwa pou fèt 17 oktòb 2020 an pou yon kesyon apèl kote Nenel Cassy te di nan yon konferans pou laprès ke li te rele lidè pitit Dessalines nan pou patisipe nan manifestasyon an, sa ki ta pral leve plim sou Do Moïse Jean Charles ki demanti Nenel Cassy sa ki ta pral kase fòs manifestasyon an.
Apre echèk manifestasyon an 17 oktòb 2020 an ansyèn senatris Edmond Supplice Beauzil move kou kong madanm nan soti tout grif li pou depatcha lidè pitit Dessalines nan li di kap travay pou gouvènman an li fè konnen Moïse Jean Charles se yon asasen pou site sa yo, lidè pitit Dessalines nan pat pran tan pou bal monnen pyès li kote li fè konnenn madanm nan se yon « Dayiva kòn siye » li pa pran okenn nan lidè ki fè pati de sektè ki pote non sektè popilè epi demokratik la pou anyen, li ba yo randevou pou ale devan anbasad peyi Etazini jou kap 18 novanm 2020 si yo vle manifeste tout bon vre.
Kèk jou apre ansyen senatè Simon Desras Dieuseul mache sou fyèl opozisyon an li fè konnen sektè ki pote non sektè demokratik epi popilè a te resevwa 9 milyon goud nan men yon gwo zouzoun ki pote non Renold Deep pou te pase ak plizyè konntenè machandiz pandan epòk peyi lòk la sa ki ta pral fè anpil moun wè trip opozisyon an kat bat, André Michel rele anmwey li deklare moun kal chita ak Prezidan repiblik la Jovenel Moïse yo se trèt yo ye li ba yo non Juda, Marjory Michel bò kote pa li mande miltan yo pandon eskiz pou film kap jwe nan mitan yo dènye jou sa yo.
Nap raple ansyen Senatè Kelly .CBatien li menm te gentan lage pye li apre gwo deblozay ki te pete ant li ak kèk lidè nan opozisyon li di ki te ba li manda pou al tal kole tèt ak Lidè PHTK Liné Baltazard san konte lòt ti lafimen kap leve nan mitan yo chak jou Bondye mete.
Tout pawòl sa yo vini apre yon nòt anbasad peyi Etazini te mete deyò pou di malè ak moun ki vle anpeche eleksyon yo fèt nan lakou peyi Dayiti, bagay la ta pral gate nan men lidè opozisyon yo lè prezidan repiblik la pran desizyon enstale manm KEP yo malgre yo pat rive prete sèman epi anbasad peyi Etazini ta pral kore aksyon an.
Opozisyon an pral rann fyèl li nèt lè prezidan repiblik la pran kontwòl dola ameriken an ki tap vale teren epi desann pri anpil nan pwodui premye nesesite yo, li pase men nan pri gaz la epi kòmanse fè moun yo wè kouran nan anpil kote nan peyi a.
Opozisyon an li menm ke anpil moun te deja ap kritike paske yo pa janm vini ak anyen serye pou peyi a jan sa fèt nan lòt peyi ap depatcha de jou an jou. Selon anpil moun opozisyon nan peyi Dayiti se yon gwo biznis pou politisyen fè kòb epi regle afè pèsonèl yo sou do pèp la kap konnen tout move moman kap viv mal pou site sa yo, lidè nan chak ti branch opozisyon an vle se yo ki pou pote drapo devan bann.
Ann tann pwochenn etap yo, blan mande eleksyon.
Kredi foto: Amazon