AYITI/POLITIK: MOREP ENVITE POPILASYON AN MOBILIZE NAN DAT 11 SEPTANM NAN.

Manm mouvman rezistans petyonvil yo (MOREP), envite popilasyon an patisipe nan seri mobilazyon ki gen pou òganize nan dat 11 septanm ki gen pou vini la, nan lide pou mande jistis pou viktim masak legliz Sen jan Bosko yo epi pou kontinye egzije depa prezidan repiblik la nan tet peyi a// nan kad yon konferans yo bay ak laprès jounen lendi 9 septanm 2019 la

Pierre Joseph André prezidan estrikti sila, nan entèvansyonl fè konnen yo gen anpil pwoblèm lè yo gade nan sitiyasyon popilasyon an ap viv kote grangou, touni pa sispann taye banda pa bo kote moun ki pi mal yo epi ale pi lwen pou di ansanm rezo gang ame kap fòme anndan peyi a se prezidan repiblik la S.E.M Jovenel Moïse ki ta gen kontwòl yo

Yon lòt bò Pierre Joseph Andrè pozisyonel sou antre klas la pou jounen lendi 9 septanm nan ki daprè li yon lekol ki ouvri pou yon ti gwoup byen spesyal lèl konnen kanè pitit malere ak malerèz nan direksyon lekòl toujou

Pou fini Prezidan estrikti a fè konnen se prezidan repiblik la ki ta fè vire non konpayi Agritrans an SOFIDAI yon mannyè pou kontinye gagote lajan popilasyon an.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …