AYITI/ POLITIK :  » NOUVO GOUVÈNMAN GEN ANPIL DEFI KI AP RETE TANN LI « , DAPRÈ DEKLARASYON CLAUDE JOSEPH.

Nouvo premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, enstale jounen madi ven (20) jiyè 2021 an, nan pòs li kòm premye minis, seremoni sa te fèt nan lokal Laprimati a sou Bisantnè.

Nan diskou li premye minis demisyonè a Claude Joseph, fè konnen gen anpil gwo defi ki ap rete tann nouvo premye minis Ariel Henry ak tout manm gouvènman ki rantre nan fonksyon kote peyi a ap fè fas ak divès kriz sosyal politik.

Sou bò pa li, nouvo premye minis doktè Ariel Henry, di li rekonèt seri gwo defi ki ap rete tann li yo epi pwomèt pou kapab louvri dyalòg ak aktè nan klas politik epi sosyete sivil la pou jwenn yon konsansus sou kriz la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …