AYITI/POLITIK: ÒGANIZASYON POLITIK FANMI LAVALAS SALYE MEMWA VIKTIM MASAK ST JEAN BOSCO YO.

Òganizasyon politik fanmi lavalas salye memwa viktim legliz St Jean Bosco yo epi pwofite pou anonse seri mobilizasyon yo gen pou òganize nan dat 11 septanm ki gen pou vini la// nan kad yon konferans yo bay ak laprès jounen jedi 5 septanm 2019 la.

Jodson Durogène pòt pawòl òganizasyon sila, nan entèvansyonl fè konnen dat 11 septanm lan se yon dat fanmi lavalas pran ak kè paske li kite yon gou anmè nan bouch yo kote daprè li kriminèl san fwa ni lwa te mete dèy nan mitan yo epi ale pi lwen pou di solidarite ki mare ak pèp la se nan lide pou yo kontinye wouze memwa tout moun ki gen konviksyon pou yon chanjman total

Pilwen Gédéon charles youn nan pòt pawòl estrikti sila, pat met dlo nan bouch li pou fè konnen yap kontinye batay pou kesyon zak maspinay yo sispann sou popilasyon ayisyèn nan epi pwofite pou lanse yon apèl ak popilasyon an yon mannyè pou kwape tout fòm represyon pouvwa anplas la ap fè sou yo

Nap raple 11 septanm 1988 pou bout jouk jodia sa fè deja 31 lane depi plizyè konpatriyòt ayisyen pèdi lavi yo anndan legliz St Jean Bosco.

 

Otè: Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …