AYITI/POLITIK: OPOZISYON AN DESIDE FÈ ELEKSYON POU RANPLASE JOVENEL MOÏSE NAN TÈT PEYI A.

Apre opozisyon an lanse plizyè mouvman pou dechouke prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE ki pa bay rezilta yo swete a, kounya yo deside òganize yon eleksyon a twa (3) jij nan kou kasasyon.

Eleksyon sa ki pa lejitim daprè anpil moun paske li pa chita sou sa konstitisyon peyi a di,  daprè sa yo fè konnen  ap gen 3 kandida kote eli a dwe resevwa 50% vòt yo plis 1 pou bay nouvo prezidan opozisyon an, k’ap gen pou pran tèt peyi Dayiti.

Kesyon k’ap poze nan ki palè nouvo prezidan sa pral enstale? Gouvènman sa nan ki bwat leta yo pral dirije sitou nan kesyon antre lajan? Ki reyaksyon Jovenel MOÏSE prezidan an plas la pral genyen a nouvo prezidan sa k’ap la pou ranplasel?

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …