AYITI/POLITIK: OPOZISYON AN SAN FANMI LAVALAS ANTANN YO NAN YON AKÒ AK YON GWOUP NAN SOSYETE SIVIL LA APRE ANPIL BOUCH LOUVRI.

Plizyè gwoup nan opozisyon an rive siyen yon ankò antre yo menm samdi 9 oktòb 2019 la nan otèl Marriot pou ta ranplase prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan tèt peyi a si tout fwa li ta demisyone.

Yon akò ke fanmi lavalas pa dakò e yo pa siyen li paske yo menm yo mande pou chavire chodyè a nèt tèt anba ke plizyè lòt branch nan opozisyon an antann yo ke se yon jij nan kou kasasyon ki pou ta vin prezidan si prezidan Jovenel ta chwazi bay vag nan tèt leta a epi premye minis lan ap soti nan mitan yo.

Akò sa rive siyen apre anpil bouch louvri antre yo epi antre kèk militan ki tap mande yon bò yo pa nan kasasyon se taboulaza, yon lòt bò tap mande kasasyon, yon lòt gwoup tap denonse yo pa sou tab la pandan se yo men ki tap pran gaz ak bal kawotchou nan manifestasyon yo ak nan moute barikad yo pou repete sa yo tap di.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …