AYITI/POLITIK: PAP GEN ELEKSYON AK REFERANDÒM NAN ANE 2021 AN

Premye minis defakto a Ariel Henry, fè konnen pap kapab gen eleksyon, ni referandòm pandan ane 2021 an nan peyi Ayiti, selon sa jounal Britanik « Associated Press », rapòte aprè yon entèvyou chèf gouvènman te fin bay ak jounal sa a jounen madi 28 Septanm 2021 an.

Chèf primati a, ki kwè reyalizasyon eleksyon ak referandòm lan kapab fèt nan lane 2022, pandan li montre plis enterè li genyen pou li reyalize referandòm lan pandan ane 2022, daprè sa l di plizyè lidè politik, manm sosyete sivil la deja montre dezakò yo ak konstitisyon 1987 la, ki sanble chaje fay ladanl.

Pou fini, doktè Ariel Henry, ki presize dat pou reyalize eleksyon nan peyi a pap pran anpil tan pou piblik sa ap fet aprè fòmasyon konsèy elektoral pwovizwa a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …