AYITI/POLITIK: PATI POLITIK « MANMAN » ADRESE LI AK POPILASYON AN NAN YON NÒT POU LAPRÈS.

Nan yon nòt pou laprès pati politik « MANMAN » adrese li ak pèp ayisyen an. Yo anonse ke yo konstate avèk anpil fristrasyon ke jiska prezan premye minis defakto, Ariel Henry kontinye ap pase pèp ayisyen an nan betiz olye li ofri yon solisyon rezonab ki ka amelyore kondisyon lavi pèp la.

Selon yo, anplis de tout zak asasinay ak kidnaping kap fèt tou patou nan peyi a depi kèk tan, lavi chè ak chomaj fòse anpil frè ak sè nou viv nan la mizè ekstrèm nan peyi a, oswa janbe fwontyè ilegalman pou yo al sibi imilyasyon nan batèy Sendomeng, riske vi yo nan pran kanntè pou yo al tante chans yo lòtbò dlo. Leta pa janm leve yon ti dwèt pou l regle okenn chenn pwoblèm sa yo.

Pati Politik MANMAN raple popilasyon an ke sa fè lontan leta abandone yo men kounyea, se sèlman nan kole zepòl ak tèt ansanm nou ka jwenn yon solisyon final pou rezoud pwoblèm nou ant ayisyen. « Dirijan nou yo fèmen zye yo twò lontan sou pwoblèm pèp la. Li lè, li tan pou nou pran aveni nou nan men nou. » deklare nòt la.

Pati Politik MANMAN fè konnen yo pare pou patisipe nan nenpòt mobilizasyon oubyen manifestasyon pasifik ki ap fè revandikasyon lejitim pou chanjman pozitif ki ka fè peyi a pwogrese. yo deklare: « Moman an rive pou nou kanpe anfas tout moun ak tout òganizasyon ki vle anpeche peyi a vanse an tout sekirite nan chimen lajistis, lapè ak devlopman. »

Moun ki siyen nòt sila se prezidan koòdonatè jeneral pati a, Castel Demesmin Monax Brutus

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …