AYITI/POLITIK: PATI POLITIK VIV AYITI BAY DIZON YO SOU ELEKSYON AKÒ MONTANA A ÒGANIZE A, KI BAY YON PREZIDAN AK YON PREMYE MINIS

Timothée Rony, pòt pawòl pati politik Viv Ayiti, nan yon konferans pou laprès li bay nan tèt kole ak Biron Odigé ki, li menm, se kòdonatè pati a, fè konnen eleksyon akò Montana a pap mennen peyi a okenn kote.

« Viv Ayiti mande tout aktè yo, tout akò yo pou vin mete yo sou tab la paske sa ki fèt yèswa a pa gen okenn kote li ap mennen peyi a », kwè pòt pawòl Viv Ayiti a. « Pandan n ap avanse avè l Ariel li menm ap di adelante ak konsèy elektoral pwovizwa li », souliye Timothée Rony.

Bò kote pa l, Biron Odigé, swete pou tout akò yo fè yo sèl nan lide pou yo sove peyi a. « Sa ki fèt la se yon gwo an avan, men gen yon gwo pa ki rete pou fèt fòk nou mete 11 septanm sou tab la », daprè kòdonatè pati politik viv Ayiti a.

Yon lòt kote, malgre nivo ensekirite a pa sispann moute bwa, dirijan politik la, Biron Odigé, salye travay nouvo Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbe.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …