AYITI/POLITIK: PATI POLITIK VIV AYITI KONTINYE AP MANDE DEMISYON ENKILPE ARIEL HENRY

Nan yon konferans pou laprès, responsab pati politik viv ansanm yo fè jounen madi 11 janvye 2022 a, yo denonse enjerans gouvènman defakto Ariel HENRY epi mande popilasyon an pou yo pote kole pou yo Fès yon sèl pou yo chavire mouche ARIEL nan tèt primati a.

Yon lòt kote, pòt pawòl viv ansanm lan Rony Timothé lonje dwèt li byen long sou mesye dam SDP yo ki akapare gouvènman kote SDP prete non kèk konpayi pou yo fè pwojè pase pa yo, Rony kontinye poul di se mesye dam SDP yo ki gen kontra pou bay palè nasyonal manje.

Pòt pawòl la, kontinye poul di menm yon kawotchou lapolis bezwen achte se André Michel ki gen kontra a pou achtel.

Nap raplew, se menm André Michel sa ki te konn nan tout manifestasyon kap di anba koripsyon alòske kap benyen nan koripsyon.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …