AYITI/ POLITIK : PEYI ETAZINI AP VOYE YON LÒT EMISÈ NAN PEYI A

Nan chache solisyon ak kriz kap trakase bil peyi Ayiti, peyi Etazini anonse yon lòt emisè pou vin evalye kriz politik la, chita pale ak aktè yo pou kapab jwenn yon solisyon.

Nan yon kominike depatman Leta ameriken mete deyò uit (8) oktòb 2021 an, fè konnen sekretè Leta an aprè sekirite sivil, demokrasi ak dwa moun Uzra Zeya, ap vini nan peyi Ayiti trèz (13) oktòb epi sèz (16) oktòb nan peyi Panama.

 » diplomat Uzra Zeya, ap gen pou misyon pou rankontre ak premye minis Ariel Henry, aktè politik yo nan lide pou kapab tanmen yon dyalòg tout moun ladanl pou kapab debouche sou reyalizasyon eleksyon lib, onèt ak ekitab ki dwe fèt pou tout pòs. Sitiyasyon migran yo dwe nan mitan diskisyon yo », daprè enfòmasyon depatman Leta.

Pandan vizit sekretè Leta an aprè sekirite sivil, demokrasi ak dwa moun lan, dwe rankontre ak minis jistis pou tibout tan Listz Quitel, pou li kapab konnen kijan yon seri ankèt ap mache pami yo masak nan Lasalin, Belè ak Gran Ravin epi dosye asasinay defen prezidan Jovenel Moïse.

N ap fè remake, nan pou pi piti 3 semèn peyi Ayiti resevwa de (2) delegasyon ofisyèl diplomat ameriken nan lide pou jwenn solisyon ak kriz aktyèl la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …