AYITI/POLITIK: PEYI ETAZINI PRAL PRAN MEZI KONT TOUT MOUN KI KONT DEMOKRASI.

Jon Piechowski ki se sous-sekretè deta adjwen depatman pou emisfè oksidantal la, ki tap kesyon yon jounalis Lavwadlamerik fè konnen gen mezi ki kapab pran kont tout moun ki fè dezòd e ki kont demokrasi nan peyi Dayiti.

Jon Piechowski konseye tout aktè politik yo nan peyi Dayiti pou degaje yo antann yo prese prese pou mete yon gouvènman kanpe nan peyi pou reponn a soufrans pèp ayisyen an.

Selon Jon Piechowski peyi Etazini ak tout komite entènasyonal enkyè akoz pa genyon gouvènman fonksyonèl nan peyi Dayiti, mesye a fè konnen yo kondane tout zak vyolans kap fèt nan peyi a dènye jou sa yo.

 

Kredi foto: Us Department Of State.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …