_Nan yon konferans pou laprès ki bay jounen vandredi 22 oktòb 2021an, responsap platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen ( Planspa), Dieudonné Lherisson fè konnen premye minis Ariel Henry ap make pa sou plas ak akò 11 septanm 2021 an._
Dieudonné Lherisson pa janm rate okazyon pou l pa defann chwa li te fè pou li te siyen akò politik 11 septanm ak Ariel Henry. » Nou te siyen akò sa pou te gen apezman sosyal nan peyi a, pou te rezoud pwoblèm sekirite, pou te genyen yon gouvènman ki enklizif, pou te gen yon lòt konsèy elektoral ki pou te enspire konfyans nan mitan aktè politik yo », fè konnen mesye Dieudonné.
Ansyen kandida pou pòs depite nan komin Marigo nan depatman Sidès, Dieudonné Lherisson fè konnen se sèlman jedi 21 oktòb 2021 an li wè Ariel Henry poze yon aksyon ki te gen pou wè ak akò 11 septanm 2021 an. » Nou estime Pm Ariel Henry ap make pa an plas avèk li te prezante bay tout sektè nan tout peyi a. Se yè Ariel Henry pran yon desizyon kote gen yon chanjman ki fèt nan tèt Lapolis la (…) Pati Planspa ap tann rezilta nan men nouvo chèf Polis la », deklare Dieudonné Lherisson.
Pati Planspa ki se youn nan sinyatè nan akò politik 11 septanm 2021 an, daprè Dieudonné Lherisson, egzije aplikasyon akò politik 11 septanm 2021 an. » Fòk gen yon gouvènman enklizif ki dwe mete kanpe san pèdi tan ; fòk Ariel Henry ranplase tout delege ak vis depatmantal ki pa ka fè travay yo; fòk Ariel Henry ranplase tout majistra ki pa kapab fè travay pèp la pi rapid posib ; fòk genyen yon lòt konsèy elektoral pwovizwa apre gouvènman an fin moute », Dieudonné Lherisson.