AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS CLAUDE JOSEPH LONJE DWÈT SOU MOUN KI KACHE DÈYÈ FENOMÈM KIDNAPIN NAN.*

Premye minis pwovizwa a, Claude Joseph, nan yon konferans pou laprès li bay jounen Madi 4 Me 2021 an fè konnen se moun ki pa vle eleksyon anki kache dèyè fenomèm kidnapin nan._

Chèf primati a pa t ezite voye toya sou advèsè politik li yo. Daprè Claude Joseph, moun k ap alimante koze kidnapin nan an Ayiti se moun ki pa dakò ak koze eleksyon.

Moun k ap tann tranzisyon lè manda Jovenel Moïse fini, selon premye minis pwovizwa a, se kidnapin nan ki zam pou yo goumen.

Depi plizyè mwa, kidnapin nan ap dekapitalize klas mwayèn, mete dlo nan je anpil fanmi anndan sosyete a e jiskounya, malgre tout sa yo, Leta poko janm fè anyen konkrètman pou goumen kont fenomèm nan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …