AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS JOUTHE FÈ YON KRAZE KITE SA.

Joseph Jouthe, nan lannuit 13 avril 2021 an, remèt demisyon li nan pòs premye minis peyi a.

 » M remèt demisyon m aswè a bay prezidan repiblik la. Se te yon lonè pou mwen pou m te sèvi peyi m nan pòs premye minis la », se mesaj sa Jouthe Joseph ekri sou kont twitè l.

Pi lwen, li swete pou Bondye beni Ayiti pandan li remèsye manm gouvènman an yo, patnè teknik ak finansye yo pou kolaborasyon yo.

Jovenel Moïse, bò kote pa li, pa pran tan pou reyaji aprè demisyon Joseph Jouthe la.  » Mwen asepte demisyon gouvènman an, sa ap pèmèt pwoblèm ensekirite yo abòde nan lide pou chache estabilite politik ak ekonomik nan peyi a », pawòl Jovenel Moïse sou kont twitè l.

Ansyen patwon agritans lan, nonmen Claude Joseph premye minis a.i aprè demisyon Joseph Jouthe la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …