Nan yon ti kozri nan yon live facebook jounen premye fevriye 2021 an, prezidan repiblik la Jovenel Moïse reyaji sou zak kidnapin nan epi pwomèt popilasyon an ke lap derasinen li.
Nan ti kozri sila prezidan an fè konnen kidnapin nan gen marenn ak parenn e selon li menm zak sa se yon estrateji politik ke pa twò lontan lap derasinen li, li pwomèt lap idantifye yo epi lap met men nan pat kasav yo pandan li fè konnen yo pral di se pèsekisyon politik ke li deja pare pou li pote tout chay yo pou pèp la ka rale yon souf.
Prezidan an bat bwavo epi felisite polis nasyonal la ke li di kap fè yon gwo travay nan dènye jou sa yo anndan peyi a pandan li pwomèt lap akonpaye yo nan ba yo bon jan materyèl ak tout sipò nesesè.