AYITI//POLITIK: PREZIDAN SENA CARL MURAT CANTAVE ANONSE SEYANS RATIFIKASYON PREMYE MINIS NOME POU DEMEN LENDI A.

Seyans pou vote enonse politik jeneral premye minis nome a Fritz William Michel ap fèt demen Lendi 23 septanm 2019 la nan sena repiblik la.

Aprè Yon pil rimè tap sikile sou rezo sosyo yo, seyans ratifikasyon Premye minis la tap fèt Jodi Dimanch 22 septanm nan ebyen senatè Latibonit la Carl Murat Cantave demanti rimè sa yo e fè popilasyon an konnen seyans lan ap fèt demen Lendi a anba gwo dispozisyon sekirite.

Aprè kèk militan te rantre nan chanm nan kraze brize ak kèk senatè nan opozisyon an, pou Yon dezyèm fwa Fritz William Michel premye minis nome a pwal desann nan sena a poul al prezante politik jeneral li.

Otè : Malvoisin Louisias Diego

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …