Rony Timothée denonse konpòtman kèk manm nan opozisyon ki nan sektè ki pote non sektè demokratik e popilè a. « Gen moun nan sektè demokratik e popilè a ki te konn resevwa lajan nan men Jovenel Moïse », deklare Rony Timothée sou RTVC._
Nan mwens pase 48è depi Rony Timothée pran distans li ak ansyen alye li yo nan sektè demokratik e popilè a, li gentan kòmanse denonse yo.
Daprè dirijan politik viv Ayiti a, gen manm nan sektè demokratik e popilè a ki te konn resevwa lajan nan men Jovenel Moïse.
« Gen moun nan sektè demokratik e popilè a ki te konn resevwa lajan nan men Jovenel Moïse e jodi a yo ap benefisye lajès trezò piblik la », deklare Rony Timothée ki t ap denonse alye li yo apre li fin pran distans li ak sektè demokratik e popilè a.
Echo Jounal