AYITI/ POLITIK: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK LA VOYE JETE KABINÈ MINISTERYÈL DR ARIEL HENRY A.

Sektè ki pote non sektè demokratik ak popilè a (SDP) voye jete byen lwen kabinè ministeryèl premye minis Ariel Henry, ki dwe enstale jounen madi ven (20) jiyè 2021 an.

Pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a mèt Andre Michel, fè konnen sektè demokratik la pap rantre nan gouvènman doktè Ariel Henry a, paske pa gen okenn pwovizyon legal pou premye minis sa. Òm de lwa ki kwè se sèlman yon konsansis politik pou kapab rive sòti peyi a nan kriz li ap travèse jodi a.

Yon lòt bò, mèt Andre Michel, ki denonse enjerans kominote entènasyonal la ki chwazi Ariel Henry sou konplisite kèk sektè nan peyi a pou foure yon gouvènman konsa nan gòj popilasyon an.

N ap siyale, nouvo gouvènman ki gen nan tèt li premye minis Ariel Henry, ap enstale jounen madi ven (20) jiyè 2021 an, daprè yon kominike pou laprès ki sòti nan laprimati.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …