AYITI/POLITIK : SEKTÈ REVANDIKATIF NASYONAL MANDE AK LETA PEYI A POU PRAN RESPONSABILITE YO FAS AK ENSEKIRITE A SAN KONTE ANPIL ZAK KIDNAPIN KI DEJA AN REJISTRE.

Nan yon chita pale ak laprès jounen jedi 13 fevriye 2020 an Sektè Revandikatif Nasyonal anonse yon mach kont ensekerite vandredi kap 14 fevriye 2020 an ak zak kidnapin peyi a ap konnen nan dènye jou sa yo,kote pèsòn pa alabri,kote tout moun envite nan mach kont ensekirite sa,kafou ayopò se la rasanbleman an ap fèt,3 gwoup moun ap gen pou rejwenn mach nan kafou rezistans lan kap soti kafou,yon gwoup ap soti petyon vil epi lòt la ap soti kafou marasa.

Jean Roody Saint Juste responsab estrikti a fè konnen se pa yon mach kote yo pral rele ni viv ni aba men pito pou denonse machin ensekirite a, objektif yo se al devan palè nasyonal pou delivre mesaj yo.

Sektè Revandikatif Nasyonal denonse ak tout fòs konpòtman otorite santral genyen fas ak ensekirite kap taye banda sou peyi a.

Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …