AYITI/POLITIK: SOLISYON POU REZOUD KRIZ POLITIK LA, ARIEL HENRY RANKONTRE POU PITI MANM 200 ÒGANIZASYON POPILÈM.

« Premye minis doktè Ariel Henry tanmen jounen lendi 30 out 2021 an, yon gwo rankont ak pase 200 manm òganizasyon popilè, nan kad yon antant sou akò politik pou soti nan kriz peyi a twouve li jodi a », ekri sou paj ofisyèl fesbouk laprimati a.

Daprè laprimati, rankont sa se yon opòtinite pou premye minis la pouswiv yon dyalòg nasyonal ak tout moun, tout sektè san fòs kote.

Sektè demokratik e popilè a, bò kote pa li te rankontre premye minis ayisyen an Ariel Henry depi nan dat 2 dawout 2021.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …