AYITI POLITIK: YON MANM OPOZISYON AN DI RAPÒ KOU DÈKONT LAN  GENYON MEN KRIMINÈL

Ansyen prezidan sena repiblik la e ki twouve li nan opozisyon an, Simon Dieuseul Desra rele anmwey pou rapò kou siperyè dèkont lan ki fè konnen te gen 50 milyon goud lajan petwokaribe a ki tal jwenn gran kò a nan moman ansyen senatè a tap dirije sena a.

Ansyen senatè a fè konnen 50 milyon goud la pat lajan petwokaribe se yon lajan ki te sòti nan trezò piblik la, selon Desra konseye kou siperyè dèkont epi kontansye administrativ yo vle sal imaj li ak ansyen kòlèg li yo lè yo mete grankò a te depanse 50 milyon goud nan lajan petwokaribe a.

Mesye a di li sezi wè yo akizel nan rapò a, li mande pou konseye yo al reverifye rapò a si se pa sa li ap fè sal dwe fè paske yo akize li mal ak ansyen kòlèg li yo, pou defann li li fè konnen chak lajan ki te konn soti nan petwokaribe a se toujou yon rezolisyon ki te konn pran, selon mesye a rapò sa genyon men kriminèl ki kache dèyèl.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …