« Altènativ tèt ansanm pou rebati Ayiti » yon nouvo estrikti ki lanse ofisyèlman nan depatman sant peyi a( Mibalè), Ayè dimanch 8 septanm 2019 la
Aktivite sila te dewoule nan prezans plizyè aktè nan opozisyon politik la tankou:Youri Latortue, Nenel Cassy, Evalière Beauplan, Ricard Pierre, Abel Descollines, Printemps Bélizaire epi plizyè reprezantan nan pati sivil la pou site sa yo sèlman
Yon lòtbò plizyè pati politik ki te fè ak prezans pwofite pou ekri sou altènativ pou refondasyon leta a kote yo vini ak divès pwen ki se: depa prezidan repiblik la Jovenel Moïse, mete kanpe yon gouvènman tranzisyon epi reyalizasyon pwosè petwo karibe a
Pou fini ansanm moun sa yo ki te prezan nan aktivite a fè konnen altènativ sa se pi bon mannyè pou retire peyi a nan sal ye jodia.
Otè:Anderson PHEBE.