Lapolis mete anba kòd yon ventèn moun ladan yo jij Ivickel Dabrésil ak Enspektris jeneral lapolis nasyonal la Marie Louise Gauthier nan komin Taba byen bonè jounen dimanch 7 fevriye 2021 an.
Moun sa yo jwenn arestasyon yo selon otorite yo akoz yo tap prepare yon koudeta kont Jovenel Moïse, Ivickel Dabrésil akize kòm moun ki ta pral ranplase lokatè palè nasyonal la Jovenel Moïse apre yo tap fin mete li anba kòd, nan moman arestasyon an lapolis jwenn kèk zam ak kèk dosye enpòtan.
Jij Dabrésil ak IG PNH la Marie Louise Gauthier epi 21 lòt moun sa yo twouve yon nan DCPJ pou bay detay sou plan yo te genyen an epi kiyès lòt moun ki dèyè yo nan zak sa yo ta pral fè a.