Bay peyi a yon lòt konstitisyon, se youn nan rèv prezidan Jovenel Moïse. » Jodi a nou gen obligasyon pou nou ranfòse enstitisyon demokratik yo. Pou sa fèt fòk ansanm nou chanje konstitisyon an » sa prezidan Jovenel Moïse fè konnen sou kont twitter li Madi 6 avril 2021 an.
Ansyen patwon agritans lan kritike, pi lwen, jan peyi a lage sou degraba 217 lane aprè lendepandans. » Peyi a aladriv 217 lane aprè lendependans », daprè menm sous lan.
Yon lòt kote, mesye Moïse kwè chanjman se rèv zansèt nou yo te gen pou nou. » Chanjman se rèv Henri Christophe wa batisè », Jovenel Moïse.
Jackson junior Rinvil