AYITI /POLITIK: »LÉON CHARLES FÈ TOUT KALTE MANNÈV POU MOUTE POLISYE YO YOUN KONT LÒT », DAPRÈ MÈT ANDRÉ MICHEL.

Mèt André Michel kritike jan direktè jeneral PNH la, Léon Charles ap dirije enstitisyon lapolis la. » Léon Charles se premye lennmi enstitisyon lapolis la », mesaj mèt Michel poste sou kont twitter li jounen madi 23 mas la.

Lari Pòtoprens dènye tan sa yo tankou kote yo simen pwav epi polisye pile. Eskonbrit toujou ap pete ant polisye ak polisye. André Michel, fas ak tout sa yo, kwè se Léon Charles ki responsab.

 » Li moute polisye yo youn kont lòt », se sa pòt pawòl sektè demokratik la, André Michel mete sou Twitter.

« Peyi a bezwen yon polis pwofesyonèl. Léon Charles se obstak parapò ak vizyon sila a », toujou daprè menm sous lan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …