AYITI/PRÈS: PLIZYÈ JOUNALIS VIKTIM DE ATAK YON GWOUP MANIFESTAN NAN KATEDRAL PÒTOPRENS.

Ayè madi 22 oktòb 2019 la plizyè jounalis ki tal kouvri yon mès nan katedral Pòtoprens viktim de atak kèk manifestan nan legliz la.

Manifestan yo ki te sible Jounalis kameraman Radio Tele Ginen an Artiste Rubens ke yo te tante anpeche kouvri mès la, yo te anpeche jounalis la enstale kamera li, plizyè lòt jounalis tankou kameraman radio tele Scoop Eddy André, Mackenson radio tele Eclair, El Judex radio vision 2000 te sibi menm sò a akoz yo tal pote sipò yo bay konfrè radio tele Ginen an.

Jounalis yo rive chape poul yo gras ak entèvansyon pè yo ak kèk militan Pitit Dessalines selon sa Artiste Rubens. Militan yo ki te trè an kolè te lanse tout kalite menas kont jounalis yo ak anpil pawòl piman bouk kont yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …