AYITI/PRÈS/VIKTIM: YON GWOUP ENDIVIDI METE DIFE NAN PLIZYÈ MACHIN RADYO TELE GINEN

Yon gwoup moun atake epi mete dife nan plizyè machin pami yo 3 machin radyo televizyon Ginen kite kanpe bò espas radyo ak televizyon an jounen lendi 10 jwen 2019 la nan dezyèm jounen mobilizasyon an sa ki koz ekip près Tele ginen an viktim.

Selon kèk temwen se gras ak entèvansyon polis nasyonal peyi dayiti (PNH) ki anpeche gwoup endividi sa yo pa rive fè plis dega apre yo te fin kraze epi mete dife nan plizyè machin sou pakou yo nan delma 31.

Selon deklarasyon manifestan yo ki te trè an kòlè ta fè kwè chèf USGPN nan Dimitri HERARD ki abite tou prè radyo televizyon Ginen nan delma 31 ta retire lavi yon chofè moto nan kafou aryopò se sa ki ta lakoz dega sila a.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …