AYITI/PRIZON: PRIZONYE YO TANTE SOVE NAN PRIZON SIVIL GONAYIV LA.

Nan blòk 4trè aprè midi jou ki te jedi 07 novanm 2019 la, prizonye ki nan prizon sivil Gonayiv lan tap tante kraze prizon an pou sove aprè yo te finn dezame yon polisye nan moman an.

Prizonye ki tap tante pran lari yo te tire anpil kout zam men yo te rive jwenn rezistans bò kote la polis ki rapidman te jwenn ranfò kote yo te tire anpil gaz lakrimojèn pou te kapab pran kontwol prizon an.

Nan moman tantativ sa a genyon prizonye ki mouri ,yon lòt blese nan pye men aprè tantaviv sa a fòs lòd yo te vinn pran desizyon pou transfere 328 lòt prizonye nan plizyè prizon sivil andedan peyi an maten vandredi 08 novanm 2019 lan.

Selon deklarasyon komisè gouvènman gonayiv lan mèt Serard Gasius yo pran desizyon sa a pou anpeche yon lòt tantativ ta rive fèt nan prizon sivil provizwa a nan site endepandans lan.

Fòk nou raplew depi aprè manifestan te finn boule prizon sivil lan nan mouvman pou te dechouke prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a nan lane 2004 vil gonayiv poko janm genyen yon bon prizon sivil.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …