Gwo tansyon nan vil jakmèl jounen mèkredi 14 oktòb 2020 an, anplwaye meri yo pran lari pou mande peye yo 32 mwa ke yo di enstitisyon an dwe yo.
Nan jounen tansyon sa yon moto boule rapyetè yon moun ki fè pati ‘’kolektif anba zanmann” pran yon kout wòch, anpil kawotchou boule daprè enfòmasyon nou rive jwenn. Selon yon moun kap travay nan meri a ki pat vle pou non li site declare genyon gwo konfli nan meri a ant ekip majistra Maky a ki gen ladann manm gwoup ki rele KARESEM yo epi yon lòt gwoup anplwaye kap mande pou peye yo, selon menm moun sa gwoup ki pwoch majistra yo menm pa gen pwoblèm pewòl.