AYITI/PWOTESTASYON:JEAN-LEONARD TOUT-PUISSANT (IZOLAN) ANONSE YON KOKENN MACH PASIFIK POU JOUNEN DIMANCH 13 OKTÒB LA

Atis ayisyen an Jean-Leonard Tout-Puissant anpil moun konnen sou nom (Izolan) anonse yon kokenn mach pasifik pou jounen dimanch 13 oktòb 2019 la ki gen pou vini an, nan lide pou mande ak prezidan repiblik la pou remèt demisyon li, nan yon pòs li fè sou paj fesbouk li jodi mèkredi 9 oktòb 2019 la

Rapè ayisyen an ale pi lwen pou fè konnen li pral pale ak plizyè atis nan vi nasyonal la pou pèmèt mach la yon reyisit kote daprè li koze peyi lòck sila lakoz moun paka manje e antreprann okenn aktivite li jije bagay sa fè anpil moun nan popilasyon an tounen prizonye e ale pilwen pou di ak prezidan Jovenel Moïse sil paka dirije kel lage pyel

Nap raple peyi a twouvel nan sitiyasyon sa depi nan dat 9 septanm 2019 la pou bout jouk jounen jodia.

 

Otè:Anderson PHEBE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …