AYITI/REFERANDÒM: JEAN RENEL SÉNATUS MANDE POU BARE LAWOUT AK REFERANDÒM JOVENEL MOÏSE LA.

_Nan yon konferans pou laprès jounen madi 25 me 2021 an, Jean Renel Sénatus mande pou etidyan, pastè ak yon pakèt lòt sektè nan lavi nasyonal la pou kanpe anfas pwojè referandòm Jovenel Moïse la._

« N ap lanse yon apèl ak tout moun ki ap viv nan peyi a kou aletranje pou nou di yo pa mele nan dezòd yo rele referandòm nan », deklare Jean Renel Sénatus.  » Pwojè referandòm nan pral rantre peyi a nan plis twou, li ap kreye enstabilite pou plis pase 50 lane nan peyi », kontinye ansyen palmantè a.

« Konstitisyon sa yo vle lage nan gojèt nou an se yon konstitisyon malveyan nou dwe evite. Demach la li enkonstisyonèl « , deklarasyon ansyen senatè lwès la.

Pou fini, mèt Jean Renel Senatus mande pou kanpe kont pwojè referandòm nan pa nenpòt mwayen posib.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …