AYITI /REFERANDÒM : MANM BIWO REFERANDÈ DEPATMANTAL NIP YO ENSTALE NAN PÒS YO .

Konseyè elektoral nip lan Rosemène Joseph Jean Pierre , direktè kabinè li Guerlince Maslin, ak responsab kominikasyon kabinè a Belanfant Paul Magloire , enstale dimanch 21 mas la manm biwo referandè depatmantal nip konstitisyon an ,Prezidan (BED) Nip lan Presmy Fritznel , Royalma Vigilant vis prezidan ak Marie Lourna Fleurantin sekretè, trezoryè nan biwo referandè nip lan. Nan diskou entalasyon yo konseyè Rosemène Joseph Pierre , fè konnen manm sa yo gen misyon pou al enstale manm konsèy referandè konstitisyon an nan tout 11 komin depatman nip lan.

Yon lòt bò , konseyè elektoral Rosemène Joseph Pierre , ki mande ak manm depatmantal biwo referandè nip yo pou fè prèv onètete yo epi raple yo dwe gen pou gid konstitisyon ak lalwa nan kad travay yo .

Nap raple , Minis delege pou zafè referandòm ak eleksyon an Mathias Pierre, te fè konnen referandòm konstisyonèl la ap fèt nan mwa jwen 2021 an e ki pap gen konsekans sou pwosesis elektoral la k ap gen pou fèt nan fen ane 2021 an .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …