AYITI/REFERANDÒM: « TOUT MOUN KI PANSE YO AP BOULE JOU REFERANDÒM LAN NOU AP MARE YO AK KÒD NÈF », DEKLARASYON MINIS ENTERYÈ A.

Minis enteryè ak kolektivite teritoryal yo Louis Edner Conzague Day, nan yon deklarasyon fè konnen li ap mare kou krab tout moun ki panse yo ap vin kraze referandòm lan venn sèt (27) jen ki ap vini la.

 » Mwen di sa nenpòt moun ki panse jou venn sèt (27) jen ki ap pran lari a pou al boule, kraze kont referandòm lan mwen ap mare yo ak kòd nèf « , se eslogan moman  » kòd nèf li ye », se deklarasyon aktyèl minis enteryè a Louis Edner Conzague Day.

Minis enteryè a ki bat men sou lestomak pou jan li di li ap travay pou redinamize ministè enteryè, minis Louis Edner Conzague Day, ki fè konnen yo pral rantre tout moun ki gen badg chajed misyon yo, yon fason pou kapab remanbre sèvis entèlijans nasyonal ministè enteryè ak kolektivite teritoryal.

Nou ap siyale, gen plizyè lidè politik nan peyi a ki fè pati opozisyon an tankou pòt pawòl sektè demokratik la mèt Andre Michel ak Joseph Lambert yo deklare  » nenpòt kote ki gen biwo referandòm nan peyi a yo ap kraze yo ».

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …