AYITI/REPRESYON: DIREKTRIS JENERAL ONA A DEKLANCHE GWO REPRESYON SOU ANPLWAYE YO.

Anplwaye ONA yo ki deklanche yon mouvman ki batize « Mache kontre » depi kèk jou nan biwo yo pou denonse direktris jeneral la ki ap mal jere enstitisyon an.

Pou fè tande vwa yo te tante plizyè mouvman nan prèske tout biwo yo, kòm repons direktris jeneral la, Marguerite Berthe Marescot transfere anpil nan anplwaye yo, yon repons ki leve plim sou do anplwaye yo, yo mande li pou li bay talon li.

Selon anplwaye yo, madanm nan transfere 11 anplwaye Okay akoz yo ta konn patisipe nan plizyè mouvman kont mouche Ariel nan vil la, anplwaye yo ki move kou kong di anplwaye yo pap deplase.

Nan biwo santral Dèlma 17, se menm imaj la plizyè lèt transfè deja rive. Pou maten mèkredi a anplwaye yo anonse yon lòt faz.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …