AYITI/REVANDIKASYON : ANPLWAYE MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO PILE BETON AN POU FÈ TANDE VWA YO.

Anplwaye ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal yo pile beton an jounen madi 12 oktòb 2021 an pou mande minis Amos Zephirin peye yo 36 mwa travay li dwe yo.

Anplwaye yo ki te move kou kong te bloke tout rantre ki bay aksè ak ministè a, yo tap boule kawotchou epi lanse anpil pawòl piman bouk kont minis Zephirin ak tout premye minis defakto a Ariel Henry, anplwaye yo denonse tou move tretman yap sibi nan ministè a kote yo pa ka voye pitit yo lekòl, yo pa ka peye kay pandan otorite yo ap gaspiye lajan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …