AYITI/REVANDIKASYON: PATIZAN YOUN NAN POLISYE KI TONBE NAN VILAJ DE DYE YO REVÒLTE EPI PRAN LARI.

Apre nouvèl lanmò polisye Georges Renoit Vivender Alexis nan vilaj de Dye jounen vandredi 12 mas 2021 an nan yon operasyon lapolis tap mennen pou kouri dèyè bandi yo, popilasyon Dèlma 32 a revòlte epi bloke wout 32 a.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn Georges Renoit Vivender Alexis se yon polisye swat e ki abite nan zòn Delma 32, polisye a rive pèdi lavil anba katouch epi kout rach bandi vilaj de Dye, sa ki revòlte moun yo, yo pran lari boule kawotchou mete barikad pou rele anmwe pou sak pase a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …