Ayè Madi 29 janvye 2019 la anplwaye Konpayi transpò Diyite òganize yon sitin devan lokal konpayi a toujou nan lide pou egzije depa direktè jeneral la, Jean Mandenave kote pwotestatè yo akize kòm moun k’ap mal jere bwat la.
Malgre yon akò ki te siyen 09 janvye pase ant sendika yo ak direksyon konpayi transpò eskolè diyite a ki te debouche sou yon trèv 15 jou ,pou yon lòt ankò anplwaye sendika yo sòti nan silans yo pou kontinye vanse ak mouvman Sa Gen ki Anviwon 2 mwa depi yo lanse’l.
Prezidan sendika Konpayi transpò eskolè Diyite a Charles Alexandre pou yon lòt fwa fè konnen anviwon 3000 anplwaye ki twouve yo nan 10 depatman peyi a ki fè pati sendika l’ap dirije a ap Revandike nan lide pou yo mande yon ogmantasyon sou salè yo, peye yo plis pase 6 mwa Konpayi a dwe, epi repare bis ki la pou transpòte timoun lekòl ki te anpàn depi kèk tan, pilwen Charles Fedner fè konnen grèv sa yo tounen lanse a ap fini aprè depi Jean Mandenave.
Marie André ki se Pòt pawòl Sendika ki t’ap pale nan Mikro Echojounal, sou bò pa’l akize direktè jeneral a Jean Mandenave kòm kwa li mete lòt figi yo pa konn abitye wè nan bwat la ki pou ta agrese sendika yo.
Direktè jeneral Konpayi Transpò a Jean Mandenave pa’t pran tan pou te rayaji nan lide pou pote yon demanti sou akizasyon Sendika yo fè sou li, Direktè a fè konnen tout Revandikasyon sa yo ki gen kont li a se paske’l te pran desizyon pou chanje fason Anplwaye yo te konn touche ki lakoz tout pawòl sa yo sou do’l.
Pilwen Direktè Mandenave fè konnen li pa mete ankenn moun pou fè agresyon sou Sendika nan bwat la, e fè konnen li deja ekri Ministè Finans pou ogmantasyon ak aryere salè yo ,Direktè a mande pou anplwaye yo pran yon ti pasyans.
+50948130891
Sonlymoinius03@gmail.com