Nan yon entèvansyon Cangé Mackenson fè maten dimanch 6 oktòb 2019 la sou rezo sosyo yo e nan mikwo nou, fè konnen gouvènman Privert a bay yon gwoup nèg ke li rele opresè la dwàn, APN, tout fontyè yo pou fè kòb pou 28 lane, prezidan repiblik la Jovenel Moïse koupe tout enterè sa yo e pou sa yo leve kont prezidan an.
Selon Mackenson nèg sa yo itilize yon gwoup nèg ki gen foli pouvwa e ki pa kwè nan eleksyon paske yo gen moun pou vote yo pou mennen lit sa kap fèt nan lari a pou jete prezidan an paske yo fristre, yo di yo pat sipòte Jovenel pou koupe avantaj yo fòk li ale.
Militan an mande popilasyon an pou pa kite moun mete yo devan pou jere entèrè yo sou pretèks se yo yap defann, selon militan an kraze brize piye bagay moun pa rezoud okenn pwoblèm.
Militan an mande pou tout moun vin chita ansanm pou dyaloge pou retire peyi a nan sa li ye la.