Chèf kilt vodou a nan lakou peyi Dayiti Ougan Cedral Noelus mande inite nan mitan de (2) fòs a zam peyi a ki se lapolis ak lame.
Chèf kilt la reyaji nan yon twit li fè jounen mèkredi 26 fevriye 2020 an kote li chita sou konstitisyon an, selon ougan Cedral afwontman sa se yon defisi pou peyi a ki rive pèdi de (2) pitit li nan afwontman sa ak plizyè lòt ki blese. Chèf kilt la swete genyon antant nan mitan polisye yo ak manm fòs lame yo ke li konsidere kòm frè ak sè.