AYITI RIMÈ: BIWO KOMINIKASYON PREZIDANS LAN DEMANTI ENFÒMASYON KI TA FÈ KWÈ MACHIN PITIT PREZIDAN AN TA SIBI ATAK.

Biwo kominikasyon prezidans lan demanti enfòmasyon ki tap sikile sou divès medya ak rezo sosyo yo konsènan nèg a moto ki ta tire sou machin premye pitit gason prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Nan yon kominike pou la près biwo kominikasyon prezidan repiblik la reyaji pou demanti nouvèl ki te fè kwè machin pitit prezidan an te sibi atak nan zòn Nazon. Selon kominike a pat gen bagay konsa se vye enfòmasyon kap sikile e popilasyon an dwe pridan ak jan de enfòmasyon sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …