AYITI/SANTE: ANN APRANN KONNEN TOUT NON YO BAY DOLIV E POUKISA LI BON.

Lasante se richès konsa tou li kab vinn yon pwazon siw pa pwoteje sante’w se nan lide sa EchoJounal vinn prezante’w « Plant Doliv »

Doliv ki gen pou non syantifik « Morenga » gen moun ki rele’l benzoliv sitou moun kap viv nan kapital peyi a, gen moun bal ti non plant mirak, pou efikasite plant lan ou kab kwit manje fèy la, tankou nan bouyon, nan diri, nan soup sitou lè moun lan gen fèblès anyen pa pèdi nan doliv la abitan yo souvan itilize bwa doliv la pou fè kloti.

Doliv la bon pou moun ki anemi, moun ki soufri manitrisyon, Li bay san, li trete fredi, enfeksyon kay medam yo pou site sa yo, oliv la chaje vitamin ak pwoteyin.

Èske’w te konnen tou medsen yo kounya ankouraje moun manje doliv sitou pou fanm ansent yo.

 

Otè : Mackensonsevere92@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …