AYITI/ SANTE: KA KOWONAVIRIS YO KONTINYE AP OGMANTE NAN DEPATMAN LATIBONIT

Direktè depatmantal ministè sante piblik Latibonit, doktè Marcel Chartelier, rele anmwe bò kote otorite nan Leta santral fas ak remonte maladi kowonaviris la nan depatman Latibonit ki vini akoz neglijans popilasyon an.

Responsab la sante nan depatman Latibonit la, doktè Marcel Chartelier, fè konnen nan fen mwa dawout 2021 an, te deja gen sèt (7) moun ki te trape maladi kowonaviris la ki mouri, san konte lòt moun ki vin kontamine nan pandemi an. Doktè Chartelier, fè konnen pou mwa oktòb la gen pou pi piti 110 moun ki teste pozitif nan maladi kowonaviris la.

Pou fini, doktè Marcel Chartelier, ki kwè ogmantasyon ka kowonaviris yo vini akoz kanpay sansibilizasyon an ki manke fèt, pandan li ankouraje manm popilasyon an pou respekte tout mezi yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …