AYITI/SANTE/KOWONAVIRIS : « DEPATMAN NIP RESEVWA 1000 DÒZ VAKSEN « MODERNA » « , SELON DEKLARASYON DIREKTÈ DEPATMANTAL SANTE NIP LAN JACQUES LAROCHE.

Direksyon depatmantal sanitè Nip (DSNI) resevwa 1000 dòz vaksen « Moderna » nan kad kanpay vaksinasyon kont kowonaviris la ki lanse sou teritwa nasyonal la.

Direktè depatmantal sanitè Nip lan, doktè Jacques Laroche, fè konnen genyen 1000 dòz vaksen  » Moderna » kont maladi kowonaviris la ki disponib nan depatman Nip lan, ki ap kòmanse distribiye lendi premye dawou 2021 an, nan lopital Senterèz ki se premye sit nan kad distribisyon vaksen kowonaviris la. Pilwen, doktè Laroche, ki presize kategori moun kap priyorize nan premye dòz sa yo ki se : pèsonèl sante yo, moun ki gen maladi sik, tansyon ak moun ki gen laj avanse.

Pou fini, doktè Jacques Laroche, ki raple deja gen 18 moun ki mouri ak maladi kowonaviris la epi 268 lòt teste pozitif nan 11 komin depatman Nip Lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …