AYITI /SANTE : LOPITAL ST ANTOINE NAN JEREMI KANPE KÈK SÈVIS YO GENYEN.

Lopital St Antoine nan Jeremi anonse jounen mèkredi 22 septanm 2021 an     yo ap kanpe kèk sèvis nan lopital la akòz pwoblèm gaz ki pa genyen nan depatman Grandans lan, pwoblèm gaz la lakòz anpil antrepriz tankou ED’H pa fonksyone nan depatman an.

Yon lòt kote, responsab lopital la fè konnen nan yon entèvyou youn nan jounalis Echojounal yo te fè avè li kote li pat vle revele non li, li fè konnen gen anpil malad kap soufri akòz pa gen gaz pou kèk aparèy elektwonik fonksyone.

Nap raple, lopital St Antoine Jeremi se youn nan pigwo lopital nan depatman an, se lopital inivèsite leta Dayiti ki chita kòl nan depatman Grandans lan.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …