AYITI / SANTE : MSPP JWENN DE (2) KA VARYAN KOWONAVIRIS LA NAN PEYI AYITI.

Nan yon avi ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) mete deyò jounen vandredi venteyen (21) me 2021 an, fè konnen yo idantifye de (2) varyan kowonaviris la nan peyi Ayiti.

Daprè avi a, otorite yo fè konnen de (2) varyan kowonaviris yo se yon brezilyen ak yon anglè ke yo idantifye ak varyan kowonaviris la nan peyi a. Pilwen nan avi piblik la, ministè sante piblik ak popilasyon an fè konnen gen yon ogmantasyon ka kowonaviris yo nan peyi a pou sèz (16) premye jou nan mwa me a yo resanse kat san senkant sèt (457) moun ki teste pozitif ak kowonaviris la.

MSPP, ki di yo pran pou serye sitiyasyon an epi se yon sijè ke tout ansanm gouvènman ak lòt patnè yo ki angaje yo depi katòz (14) mwa nan batay pou frennen kowonaviris la nan peyi a.

Pou fini, ministè sante piblik ak popilasyon an raple sentom maladi kowonaviris la ki se :

1) fyèv tanperati ki plis ke trant sèt vigil senk degre sèlsiyis (37,5 C°).

2) moun ki ap touse souvan epi san rete.

3) doulè nan gòj.

4) si w paka pran sant ak siw paka pran gou, se pami kèk sentom kowonaviris yo daprè ministè sante piblik .

Pandan MSPP, ki fè tout moun sonje pou respekte jès baryè yo lave men souvan, nou rete a distans yon mèt senkant (1m 50), ak pote mas chak fwa nou nan mitan moun .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …